An n wè ansanm, pwen sa yo:
– 2 gran gwoup maladi sa yo
– Kisa maladi sikosomatik la ye (maladie psychosomatique)
– Kisa ki ka lakoz maladi sa yo
– Sou ki fòm maladi sa yo prezante
– Konklizyon
- 2 gran gwoup maladi
Apati rechèch Paul Broca te konn fè nan 19èm syèk la, li te rive dekouvri fonksyon kèk zòn nan sèvo a e te soulinye se sèvo a ki syèj tout panse moun konn ap fè yo. Toujou gen yon zòn nan kò a ki koresponn ak chak aptitid moun nan. Ak apwòch sa, chak dezòd ki genyen nan nivo mantal la vin aji sou yon zòn espesifik. Kidonk vin genyen yon lyezon ant 2 pati ki se kò a ak lespri a kote youn ka aji sou lòt. Sa ki vin bay 2 gran gwoup maladi.
Premye gwoup maladi a, yo idantifye l se lè lespri a fè efè sou kò a, kidonk depi lespri a afekte, li gen posibilite pou l fè efè sou kò a, nan kategori sa, yo rele maladi sa yo, maladi sikosomatik (maladie psychosomatique).
Lòt gwoup la li menm, se lè moun nan genyen yon pwoblèm fizik, sa vin aji sou mantal la, nan ka sa nou rele maladi sa yo maladi somatosikolojik (maladie somatopsychologique).
- Kisa maladi sikosomatik la ye?
Tèm sikosomatik la se yon tèm ki parèt nan lane 1815 nan peyi Almay (Allemagne) ak yon sikyat epi filozòf ki te rele « Johann Christian August Heinroth ».
Sikyat sa ta fè kwè koz sichik ki pa konsyan yo konn lakoz gwo pwoblèm nan nivo mantal la e yo dwe konsidere chak pasyan tankou yon ka espesifik. Heinroth entwodui faktè sichik (psychique) yo nan eleman ki ka lakoz maladi òganik yo. Se yon apwòch ki enskri nan nan doktrin vitalis la.
Dapre doktrin sa, genyen lakay chak moun yon prensip « vital ».
Tankou Edmond jabès te di l nan « Elya » nan lane 1969 e m ap site: « à la pensée est liée la chair. Une pensée morte est un corps sacrifié ». Kidonk nou ka wè aklè lespri a ak kò a lye antre yo. Sa ki vin bay yon relasyon ant sistèm iminitè (système immunitaire), sistèm nève otonòm (système nerveux autonome) ak sistèm nève santral (système nerveux central).
Si n ap eseye pran tèm sikosomatik (psychosomatique) la, n ap wè l genyen 2 mo grèk ladan l ki se psyché ki vle di esprit epi soma ki se kò. Kidonk, mo sa mennen nou dirèk nan pwoblèm oubyen twoub fizik ke lespri a, lè li boulvèse ka anjandre.
Blan yo pale tou de somatisation ki gen yon sans jeneral kote li fè referans ak tout bagay ki konsène efè lespri a gen sou kò a.
Nou kapab di maladi sikosomatik yo, se lè yon eleman ki gen orijin sikolojik tankou faktè emosyonèl, anksyete, depresyon, chòk (deuil, move nouvèl) enplike l nan aparisyon sentom fizik ki kapab ak alterasyon kèk pati ke n ka wè (sentom lezyonèl) oubyen san lezyon ògàn ke n ka wè (sentom fonksyonèl). Tip maladi sa parèt tankou manifestasyon tansyon sikolojik yo sou kò a.
- Kisa ki ka lakoz maladi sa yo?
Jeneralman genyen 2 faktè ki a la baz devlopman maladi sikosomatik yo.
Premye faktè a se sa n rele estrès la
Pa bliye estrès la ka parèt sou 2 fòm
Li kapab sou fòm yon evènman kote vin genyen yon estrès « aigu »
Oubyen yon estrès kwonik, yon estrès k ap repete tanzantan
Dezyèm faktè a se faktè pèsonalite ki vin rann moun nan plis vilnerab ak estrès la.
- Kòman estrès la ka koze maladi a?
Dabò, estrès la se yon reyaksyon fizyolojik ki nòmal ki vini apati yon presyon moun nan genyen sou do l oubyen lè li anfas yon agresyon / danje nan anviwonnman moun nan. Chak moun ki ap viv ekspoze ak sa n rele estrès la, men òganis nou chak pa sipòte estrès la menm jan, sa ki fè reyaksyon nou chak fas ak yon sitiyasyon ki jenere estrès pa fèt menm jan.
Lakay moun òganis yo pi fèb pou jere estrès la, vin genyen sa n rele anxiété chronique, se sa ki pral orijin kèk maladi.
Ann wè premye faktè a ki se estrès nan eleman ki ka lakoz maladi sikosomatik yo
Nou te wè gen 2 fòm nan faktè sa.
Ann pran premye fòm nan ki se estrès « aigu »
Estrès « aigu » a se yon estrès ki vini apati yon evènman, yon nouvèl ke n pat atann epi ki vin kreye yon panik lakay nou. Se yon estrès ki pa dire, tou depan de jan w jere l, ou ka chwazi l kòm sous motivasyon konsa pou w ka vin pi fò devan.
Pou dezyèm fòm nan ki se estrès kwonik
Nan sitiyasyon moun nan twouve l la, estrès la vin preske anpare tout lavi l paske estrès la dire twòp. Se tankou moun yo ta di w estrès la genyen moun sa, moun nan vin pa ka kontwole l, òganis lan vin pa ka fè fas kare ak li paske moun nan pa gen kontwòl estrès la, estrès la vin ap repete repete, konsa òganis lan vin rantre nan faz epuizman epi maladi yo vin gen posibilite genyen moun nan.
Dezyèm faktè a se faktè pèsonalite ki vin rann moun nan plis vilnerab ak estrès la, n ap eseye pran modèl diathèse la pou n esplike l. Tèm diathèse la sinonim vulnérabilité.
Vilnerabilite a vin ogmante pwobabilite pou moun nan devlope maladi oubyen twoub lè li kwaze sou chimen l evènman ki ka lakoz li estrese. Modèl diathèse la enplike faktè jenetik, biyolojik, sikolojik ak konitif ki lye ak pèsonalite moun nan.
- Sou ki fom maladi sa yo prezante?
maladi sa yo prezante sou fòm asthme ki touche ògàn nou rele bronche lan. Genyen eczéma ki touche peau a, ulcère d’estomac, colite ki touche système digestif la, infarctus, hypertension artérielle ki touche système cardio-vasculaire a.
Li parèt enposib pou yon moun ap viv nan vi sa pou w pa ta ekspoze ak estrès men pi bon mwayen pou w pa kite estrès sa yo genyen w se toujou eseye adapte ak sitiyasyon ki lakoz estrès la. Depi w ka adapte w, w ap ka jere sitiyasyon an byen e w ka menm sèvi ak li kòm yon sous motivasyon pou w vanse tou depan de kisa l te ye e nan ki moman li te vini.
Mèt Kò k Veye Kò
Rechèch ak redaksyon Jean Wedson FORTIL
Dokiman pou referans
– Freud Sigmund, Le mot d’esprit et ses rapports avec l’inconscient, Paris: Gallimard, 1971.- 378p
– Green André, somatisation psychanalyse et science du vivant, Paris: Dunod, 1994, 350p
– Pirlot Gerard, la psychosomatique: entre psychanalyse et biologie, Paris: Armand colin, 2010.- 250p
– Selye Hans, Le stress de la vie, Paris: Gallimard, 1956.- 256p
– https://m.le-cercle-psy.scienceshumaines.com/la-psychosomatique-vers-l-union-du-corps-et-de-l-esprit_sh_41776
– https://www.doctissimo.fr/html/psychologie/psycho_pour_tous/commun/ps_1517_mala_psychoso.htm#:~:text=Les%20maladies%20psychosomatiques%20se%20caract%C3%A9risent,angoisse%20ou%20de%20d%C3%A9tresse%20morale.
– https://sante.journaldesfemmes.fr/fiches-maladies/2601442-maladie-psychosomatique-definition-liste-exemple-traitements/