Liberasyon 4 sitwayen ki te kidnape nan lokalite Lyankou

Publiée le

Premye eleman ankèt yo fè eta de yon posib vol domestik ki ta makiye an kidnapping kote moun nan anviwonman viktim yo ta itilize manm gang pou kidnape 4 moun sa yo.

Yon gwoup Lyankou ki nan konivans ak gang angaje 3 bandi pou komèt zak ilegal sa. Apre kidnapping nan, gwoup sa te pran lari ak zam nan men yo e yo tap tante mobilize yon pati nan popilasyon an kont lapolis nan mete barikad sou wout la yon mannyè pou fòs lòd yo pat rive libere otaj yo paske yo te wè lapolis te pran direksyon kote bandi yo te sere otaj yo. Yo te pran preteks ke yo tap pwoteste kont kidnapping nan.

Yon lot pati nan popilasyon an ki byen avize te apiye lapolis e yo tap bay bon jan enfòmasyon sou pozisyon yo kache otaj yo.

Ekip UDMO ki te sou plas vin jwenn ranfò lot kòlèg ki te soti Senmak, majorite popilasyon an te vin pran konfyans. Gwoup ame ki tap apiye bandi yo te fonn kou bè Kidonk, presyon lari a ak dispozitif lapolis nan Balatibonit te oblije kidnapè yo libere otaj yo apre 3zèdtan.

Lapolis sou pis kidnapè yo e lap ankete sou plizyè moun Lyankou ki sèvis baz ak antèn gang Savien, gang Nan Dig ak gang Nan Palmis. Sèvis Ransèyman Depatmantal Latibonit deja idantifye kek reselè nan Lyankou e lap kontinye apwofondi ankèt li pou jwenn plis evidans kont endividi sa yo.

Gonayiv, 10 janvye 2023

Sèvis Depatmantal kominikasyon Latibonit

Derniers articles

Assassinat de Jovenel Moïse : 15 000 dollars pour des munitions, Me Gordon Phénil Désir au cœur des révélations de Miami

Les éléments financiers présentés au procès fédéral de Miami relancent les interrogations sur le...

Haïti : Jocelerme Privert officialise sa candidature à la présidence

L’ancien président provisoire Jocelerme Privert a déposé, lundi 19 octobre 2026, son dossier de...

Nikson Athis promu à la tête de la Direction de la Jeunesse et de l’Insertion du MJSAC

Nikson Athis a été installé, le jeudi 15 octobre 2026, au poste de directeur...

Richardson Carl Brene : un jeune candidat à la députation engagé pour sa commune

Juriste et politologue de formation, directeur d’organisation, officier de projet des Nations unies et...

Plus comme ça