« Ijans ki genyen pou n panse Leta nan peyi nou Ayiti », tèm twazyèm edisyon festival lide Ench ap li

Publiée le

Lansman twazyèm edisyon festival lide « Ench ap li » te rive fèt nan jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl jou ki te vandredi 28 oktòb 2022 a. Nan okazyon lansman sila a, responsab yo te drese lis aktivite k ap gen pou fèt pandan tout peryòd festival sa nan site Chalmay Peral la. Aktivite sila a ap etann li sou plis pase yon mwa.

Dapre kowòdinasyon festival la, yon kokennchenn koudjay kiltirèl ap gen pou dewoule sòti 28 oktòb la pou bout dimanch 4 desanm k ap vini an. Nan koudjay la ap genyen anpil aktivite tankou konferans, resital, vant siyati, atelye lekti, ekriti, vizit touristik nan Basen Zim, espas entèpretasyon sou Chalmay Peralt, ak pil lòt ankò pou rapwoche moun yo e aprann yo valè yo atravè kilti peyi yo pou rive konbat inyorans paske, dapre responsab yo, « rezilta inyorans se betiz! ».

Kowòdinasyon an te pwofite atire atansyon popilasyon ki te deplase al nan Sant Akèy Kay Fòtine (Centre d’accueil Maison Fortuné) pou lansman an, sou pi ansyen katedral nan karayib la ak basen zim ki nan vil Ench e pwomèt pou f on koze sou yo toujou nan lide pou valorize ansanm patrimwán kiltirèl ayisyen an.

Manm òganizatè yo soulinye pou nou tou, gwo bat bouch k ap genyen pandan festival la sou gwo batay gwoup politik Kako t ap mennen pandan peryòd lokipasyon blan meriken nan lide pou pi byen konprann lide k ap klewonnen depi kèk jou pou fè fòs etranje pile tè peyi a.

Derniers articles

Assassinat de Jovenel Moïse : 15 000 dollars pour des munitions, Me Gordon Phénil Désir au cœur des révélations de Miami

Les éléments financiers présentés au procès fédéral de Miami relancent les interrogations sur le...

Haïti : Jocelerme Privert officialise sa candidature à la présidence

L’ancien président provisoire Jocelerme Privert a déposé, lundi 19 octobre 2026, son dossier de...

Nikson Athis promu à la tête de la Direction de la Jeunesse et de l’Insertion du MJSAC

Nikson Athis a été installé, le jeudi 15 octobre 2026, au poste de directeur...

Richardson Carl Brene : un jeune candidat à la députation engagé pour sa commune

Juriste et politologue de formation, directeur d’organisation, officier de projet des Nations unies et...

Plus comme ça