Mibalè chofe

Publiée le

Grangou pa sispann danse samba nan trip malere. Move lavi menn ap tire kòd soufrans moun ki pi mal yo san gade deyé. Enjentis ak abi simaye kò yo tankou maleng nan kò peyi a. Lè se pa lamizè ki mare ponyèt li pou jete pèp ayisyen, se monche leta ki mete ak sektè prive a pou yo fini ak li. Nan yon solèy cho, moun nan antre vil Mibalè ap kouri konn chen fou anba kout zam lapolis. Pou pòt aktivte yo ki fèmen ki se Minn sab anba mòn kabrit la. Abitan nan antre vil la leve kanpe kont nèg ki di yo se gadò lajistis.

Vyolans sou tout fòm ap simaye banda sou ti bout tè papa Desalin nan. Batay ant nèg anwo ak nèg anba pa kaba. Koze moun wouj ak moun nwè a pa sispann. Plis ane pase se plis dwa anpil moun ap lote tankou mango sou tab lamizè.

Moun nan vil Mibalè di non ak desizyon monche leta pran poul fèmen minn sab anba mòn kabrit la. Jou vendredi 26 jen an, wout national nimero 3, te makonnen ak woch, kawochou ak fatra tri bò pa bò. Abitan yo rele bare aloufa, gran manjè kap fini ak richès peyi a.

Sosyete ayisyen an depi pase 30 lane ouvè kolèt li pou moun ki pi rich vinn pi rich e sak pòv, se chen kap tranpe kasav pou yo. Pendan sektè prive ap fè gwo lajan nan vann materyo tèt nèg, pèp la li menn yo voyel viv anba tant pèdi nan raje.

Minn sab anba mòn kabrit la se kote kout pèl ak kout pikwa bay kay la manje chak jou, peye lwaye ak lekòl timoun yo. Se vre lavi anpil an danje menn sa vinn tounen yon abitid pou yo paske yo lage de bwa balanse. Kidonk lavi yo pa reprezante anyen pou monche leta.

Jou ale, jou tounen. Prezidan monte, prezidan desann, pèp ayisyen pa sispann bat dlo pou fè bè. Nan espwa sa kap chaje yon jou, se toujou nad marinad.

Pawol piman bouk tombe konn grenn lapli pou denonse ti jwèt anba tab sa kap konplote sou do moun nan antre nan vil Mibalè . Koze mande chèz, menn kilè je pèp la ap ouvri? Pou yo sispann vote bèbè ki pou defann kòz yo. Pran defans yo, konnen yo se moun tankou tout moun.

Kilè, ki jou ti moso konsyans a enstale kòl nan tèt leta? Pou dwa tout moun ka menn. Nan chache linyon ak respè youn pou lòt.

Pèp anyisyen an menn jan ak moun Mibalé ka pliye anba bal lapolis, anba grangou, anba korona. menn reyalite a montre yo se rozo yo pap kase. Paske yo kwè apre lanwit se lajounen.

Menn jan abitan Mibalè yo deklare yo pap fè bak, yo pap sispann di yo bouke se menn jann pèp ayisyen an pap fè bak devann ensekirite tout koulè sa.

Kidonk si korona pa frape yo atè, mechanste pouvwa pap febli yo, se menn jann tou, yo pa sispann revandike dwa yo.


Emmanuel Gabriel

Derniers articles

Assassinat de Jovenel Moïse : 15 000 dollars pour des munitions, Me Gordon Phénil Désir au cœur des révélations de Miami

Les éléments financiers présentés au procès fédéral de Miami relancent les interrogations sur le...

Haïti : Jocelerme Privert officialise sa candidature à la présidence

L’ancien président provisoire Jocelerme Privert a déposé, lundi 19 octobre 2026, son dossier de...

Nikson Athis promu à la tête de la Direction de la Jeunesse et de l’Insertion du MJSAC

Nikson Athis a été installé, le jeudi 15 octobre 2026, au poste de directeur...

Richardson Carl Brene : un jeune candidat à la députation engagé pour sa commune

Juriste et politologue de formation, directeur d’organisation, officier de projet des Nations unies et...

Plus comme ça

Assassinat de Jovenel Moïse : 15 000 dollars pour des munitions, Me Gordon Phénil Désir au cœur des révélations de Miami

Les éléments financiers présentés au procès fédéral de Miami relancent les interrogations sur le...

Haïti : Jocelerme Privert officialise sa candidature à la présidence

L’ancien président provisoire Jocelerme Privert a déposé, lundi 19 octobre 2026, son dossier de...

Nikson Athis promu à la tête de la Direction de la Jeunesse et de l’Insertion du MJSAC

Nikson Athis a été installé, le jeudi 15 octobre 2026, au poste de directeur...