Moun fou nan pòtoprens ; ki fòm tretman??

Sherlande MICHEL
2 mins Lire

Si nan lòt peyi leta konsidere Moun fou tankou tout moun, nan ka pa nou nan peyi Ayiti, ou pata di Moun sa yo pa menm gen tretman yo bay bèt ki pa gen mèt. Ou jwenn yo tout kote, nan tout kwen anndan peyi a.

Yon ti pakèt chaje ak djanni bò kote li, Yon moso sak chire sèvi li rad, pye atè, se deskripsyon Yon moun fou tout moun konnen sou non « Sentil » nan katye bonbad, anndan kè pòtoprens la.
Si n ap konsidere aksyon k ap poze yo tankou pale anpil, ri san sans, frape woch tout jounen, elatriye ou kapab remake byen rapid Sentil gen lontan l ap batay ak lavi a nan eta li ye a.

Dapre temwayaj moun nan katye a, Sentil se yon moun ki konn li, li leve nan gwo fanmi. Yo menm di se pou rayisman konesans youn nan fanmi li yo rive fè li mechanste sa. « Sentil toujou sou pale fransè menm si se mande l ap mande mangé », se temwayaj Yon machann manje nan zòn nan.
Fok nou di tou, Sentil apante tout kote anndan lavil la, se lavi l ap chèche anba je reprezantan leta yo ki swadizan ap mete kontwòl nan vil la. Ta sanble vit nwa yo bay enspektè sosyal yo difikilte pou yo rive wè sa kap pase a.

Sou Yon lòt bò, Madan Sara se non Yon jenn ti fanm ki fou ki ap pwomennen tout jounen sou channmas la, tou prè palè nasyonal la. Ti sachè sesi sela li nan men li ak yon moso asyèt katon pou Moun ki gen bon kè yo charite li kèk kichòy pou kenbe kè li pandan tout jounen yo.
Madan Sara pat gwo fanm, men sou vizaj li te toujou make  » mwen se moun tou ».
Apre anpil tray, Madan Sara jwenn lanmò li devan fakilte medsin Leta a nan jou ki pase yo. Sa ki pi tris, kadav madan Sara fè plis pase 3 jou devan fakilte kap etidye vi moun nan san pèsonn pa pran sa an chaj.
 » Dabitid, se la Madan Sara toujou vin pase nwit li nan ti kwen fakilte a. Se lè nou wè li pa janm leve nan demen, nou wè souf li koupe », se esplikasyon kèk moun ki abitye vin vann nan zòn nan.

Atik 19 manman lwa peyi a bay Leta responsabilite pou li asire lavi ak sante tout moun k ap viv nan peyi a. Sa ta vle di, Leta responsab pou li pran ka moun fou yo tou pou yo kapab jwenn bon jan tretman. Poutan, se bèl pawòl ase atik sa yo ye. Leta ayisyen pa menm gen yon ide sou kantite moun fou ki nan antouraj li.

Dapre psikològ Maurice, pou yon pèp ki gen anviwon douz milyon moun, pa menm genyen yon kenzèn pwofesyonèl ki pou jere ka sa yo.  » Se sa ki fè anpil moun ki ki gen pwoblèm mantal yo pa nan lopital ki la pou sa vre, men yo souvan al mete yo kay bòkò, kay medsen fèy oubyen nan jèn priyè anba je tout moun. Menm sa ki swadizan nan sant yo genyen yon lòt fòm gerizon yap chèche anba anba ».

Lire

About Us

Voué aux grands reportages, à l’analyse et à la réflexion, Actualité News est un magazine d’affaires publiques haïtien d’actualité crée le 1er juin 2020, Ce média utilise le web pour former et informer (en créole et en français) son lectorat, à travers son site officiel, www.actualitenews.org.

@2020-2023 | Copyright Actualité News | Designed and Developed by INTNU.SA

Ce site utilise des cookies pour améliorer votre expérience. Nous supposerons que vous êtes d'accord avec cela, mais vous pouvez vous désinscrire si vous le souhaitez. Accepter En savoir plus