BOULIMI

Lamanjay rete yon nesesite pou tout moun k ap viv, se pa san rezon nan piramid MASLOW a, nou rive jwenn li nan premye ran anndan bezwen fizyolojik yo, menm jan ak anpil lot konduit, nou rive remake plizyè twoub ki afekte koze lamanjay sa, nou konnen yo sou non sa « Twoub konduit alimantè », se yon ansanm ki gen 3 twoub ladan l selon DSM-V lan, nou konnen twoub sa yo sou non: Anoreksi mantal ou nèvez, Boulimi, Ipèfaji boulimik.

Lendi 29 jen 2020, Nou gen lonè pou nou prezante w yonn nan twoub sa yo, nou envite w prete nou atansyon w pou w li ak nou « Boulimi ».

Nou gen yon plan konsa, yon fason pou fasilite w lekti a – Kisa ki boulimi an – Siy ak sentom – Boulimi vs Sosyete

Nou ankouraje w kontinye lekti a yo fason pou w ka konprann sa ki di anle liy sa.

Kisa ki Boulimi an

Pou defini boulimi, gen kèk kritè DSM-V lan etabli, ki pral pèmèt nou jwenn yon definisyon ki byen apwoprye ak sijè a. An nou li yo ansanm,

I) Yon nesesite souvan pou manje depase(kriz boulimi) , anndan kritè sa nou jwenn 2 lòt pwen ki eksplike l, an nou wè yo:

1) Manje nan yon ti kras tan (pi piti pase 2 è)yon kantite moun ta dwe manje nan yon tan ki plizoumwen long.

2) Yon santiman kote moun nan reyalize li pa gen kontwòl sou kantite manje l ap manje pandan moman an, Moun nan pa ka sispann manje ni li pa ka fè chwa fason l ap manje a.

II) Move konpòtman pou li ka ekilibre sa l manje ak pwa li gen.

Se kèk move labitid moun nan kòmanse bay tèt li o mwen 1 fwa chak semèn pandan 3 mwa yonn dèyè lòt, move labitid sa yo se nan lide pou moun nan ka pèdi pwa, pami yo nou jwenn : Moun nan anvi vomi tout tan (fouye dwèt nan gòj li), Moun nan ap achte konprime pou li ka twalèt, Moun nan fè jèn anpil, Moun nan fè anpil egzèsis fizik.

III) Moun nan santi li preokipe akoz gwosè li.

Moun nan rann kont tout egzèsis fizik li yo, tout jèn li yo, tout sa li eseye pa mache paske pwa li pa janm desann pou anpil tan, donk li komanse santi li preokipe, #estime_de_soi li kòmanse afekte.

Siy ak sentom

Siy yo ka jerenal konsa yo ka afekte yon rejyon espesyal, nou pral site kèk nan sa nou ka jwenn: depresyon, aprè kriz boulimi an, moun nan ka santi l wont, angwase, pè sa moun pral panse de li, moun nan ka menm anvi touye tèt li, enpilsif. Akoz moun nan vomi anpil, ezofaj li ak dan li ka altere, Lestomak moun nan ka dilate, Moun ap vin manke vitamin paske li souvan ap bwè remèd pou li ka gen twalèt (dyare), manke kalsyòm (pwoblèm pou zo), potasyòm (pwoblèm pou kè), Moun nan ka tout tan fatige.

Boulimi vs lasosyete

Moun nan ka gen difikilte pou li etabli relasyon moun ak moun ki ka dire, paske chak fwa kriz la pase, moun ap kòmanse pa rete sou li. Moun nan ka pa ka kontwole lajan ki nan men l, paske li tout tan bezwen achte anpil bagay pou li manje, aprè sa fòk li achte medikaman pou li bwè pou li ka desann nan pwa li, lè moun nan pa gen kòb li ka menm tonbe nan sa ki pa korèk pou jwenn lajan.

Li enpòtan pou ede moun sila yo pandan n ap pèmèt yo jwenn bon jan terapi ak priz an chaj nan men moun ki gen kapasite pou sa.

Mèsi

Mèt Kò k Veye Kò!

Related posts

Attaque contre la résidence du directeur général de la PNH : la direction qualifie cet acte de manœuvre politique

Ariel Henry démissionne de son poste de chef du gouvernement

Haïti-crise: Nayib Bukele est partant pour résoudre le problème de gangs

Ce site utilise des cookies pour améliorer votre expérience. Nous supposerons que vous êtes d'accord avec cela, mais vous pouvez vous désinscrire si vous le souhaitez. En savoir plus