Kisa lasante a ye ?

spot_img

Lasante se richès men richès pa ka achte lasante e tankou pwovèb la di nou, se Mèt Kò k Veye Kò. Kidonk, li toujou enpòtan pou yon moun chwazi chimen ki ka pèmèt li gen yon bon kondisyon lasante toutotan sa posib. Men tankou pi gwo enstans ki responsab lasante nan mond lan ki se OMS ekri nan entwodiksyon konstitisyon 1946 li a, nou wè pou pale de lasante fòk ou pran an kont 3 dimansyon ki se fizik, sikolojik ak anviwònman moun nan. Nan misyon Mèt Kò k Veye Kò (MKVK) ki se yon estrikti ki gen yon pakèt moun ki nan syans medikal ak syans moun k ap pale de lasante fizik / mantal ak byennèt. Nou deside pote pou moun yo ti limyè ak konsèy chak fwa sa posib paske jan moun yo renmen di l la, prevansyon pi bon pase gerizon.

Nan premye ribrik nou pou jodi a, nou pral gade :

  • Definisyon lasante
  • Konsèp lasante a
  • Kilè nou ka pale de lasante fizik?
  • Kisa ki lasante mantal la ?
  • Kòman anviwònman ka kontribye nan bon kondisyon lasante ?
  • Konklizyon

Definisyon lasante

Si n ap pran Òganizasyon Mondyal Sante a (OMS) pou referans, nan konstitisyon yo te adopte nan konferans entènasyonal sante a nan dat soti 19 jen rive 22 jiyè nan lane 1946 nan peyi Lèzetazini nan vil Nouyòk kote te genyen 61 reprezantan peyi ki te siyen li nan dat 22 jiyè a, e ki t ap al rantre an aplikasyon 7 avril 1948, lasante a te defini konsa : « se lè yon moun anfòm nan tout kò li, nan mantal li epi pa gen latwoublay nan anviwònman li kidonk lasante a pa sèlman lè moun nan pa malad oubyen kokobe ». Sa vle di, se pa paske yon moun pa malad oubyen pa kokobe, pou panse li gen lasante. Fòk mantalman epi sosyalman li anfòm.

Lè n ap eseye gade definisyon sa a, nou ka wè li pran an kont tout faktè yo epi voye jete tout lide ki ta fè kwè se lamedsin ki sèlman responsab bon kondisyon lasante yon moun. OMS ale pi lwen pou di gen yon bon kondisyon lasante se youn nan dwa fondamantal tout moun k ap viv sou ti bout tè sa ta dwe ka jui kèlkeswa ras, relijyon, opinyon politik moun nan, kondisyon ekonomik ak sosyal li.

Konsèp lasante

Konsèp lasante a ale pi lwen pase definisyon lasante OMS pwopoze a. Nan definisyon an, OMS pa pran an kont nosyon sibjektif epi dinamik lasante a. Santi w an bon oubyen move kondisyon lasante varye selon chak grenn moun sa vle di sèks moun nan, laj li, kilti li, pwofesyon ak kategori sosyal moun nan. Kidonk, yon jenn moun ak youn ki kòmanse granmoun p ap wè nosyon lasante a menm jan. Sa konsène peyi yo tou, yon peyi ki rich ak youn ki pòv p ap wè lasante a menm jan e se sou pwen sa nosyon sibjektif konsèp lasante a jwenn tout sans li. An gwo, konsèp lasante a defini lasante (definisyon OMS) epi li ajoute nosyon dinamik lan paske se yon nosyon k ap evolye ak tan epi adapte l ak yon anviwònman ki ap chanje tanzantan. Toutotan adaptasyon moun nan ak anviwònman pozitif se toutotan moun nan ap nan bon kondisyon lasante (envès la vrè tou). Konsèp lasante a dinamik paske pandan tout lavi nou, nou viv ni eta byennèt ni twomatis (aksidan, evènman natirèl, maladi…) kote nou menm antanke moun pase de bòn sante a maladi, de maladi, nou geri nou vin an bòn sante se sa ki fè konsèp lasante a dinamik lan.

Rezon ki konn lakoz pasaj soti nan bon kondisyon lasante ale nan maladi yo anpil e yo toujou diferan de yon moun ak yon lòt dayè òganism nou chak pa reyaji menm jan fas ak yon menm sitiyasyon. Pafwa, gen moun ki konn gen yon kondisyon ki pa reyini nan 3 sa yo nou te site pi wo a ki konn vin aji sou li. Gen nan ka menm kondisyon sa konn vin aji sou lòt yo, sa ki konn vin agrave sitiyasyon an. Nan agravasyon sa, nou konn wè li ka fizik, sikolojik oubyen sosyal.
Pou kesyon fizik la, nou konn jwenn eredite a ak jenetik la ki konn enfliyanse li sa vle di yon paran ki te soufri yon maladi, yon pwoblèm sou yon jèn (jenetik), li ka genyen pitit li ki soufri menm maladi sa.
Pou faktè sikolojik yo, yon estrès, yon preyokipasyon yon moun genyen pou yon sitiyasyon, yon pè anfas yon bagay ki pa ka lakoz okenn pwoblèm ka kontribye nan mete moun nan mal alèz konsa li pap ka jui eta byennèt la.
Nou pa ka inyore faktè sosyal yo tou tankou lapovrete, grangou, chomaj, chanjman estati sosyal, antouraj moun nan, pwoblèm politik, elatriye ki enplike anpil anpil nan aparisyon maladi yo.

Kilè nou ka pale de lasante fizik ?

Pou pale de lasante fizik lakay yon moun, fòk nou pran an kont eta kò a kote nou pral konsidere absans maladi jis rive nan nivo kondisyon fizik la. Pale de bon kondisyon fizik se santi w nan bon fòm ou e santi w nan pi wo nivo w ta ka genyen pou w ranpli yon tach. Sante fizik la se youn nan eleman esansyèl pou byennèt la an jeneral. Plizyè eleman ka afekte li tankou fason moun nan ap viv (rejim, nivo aktivite fizik, konpòtman tankou tabajism). Faktè jenetik ak ereditè ka fasilite oubyen konplike bon kondisyon lasante fizik yon moun tou. Ajoute sou sa, genyen anviwònman kote nou ekspoze ak kèk eleman toksik.

Kisa ki lasante mantal l ?

Lasante mantal lakay yon moun se kapasite moun sa genyen pou li adapte l ak sitiyasyon yo nan lavi a epi ede kote l ap viv la pwogrese. Men sa pa vle di si yon moun pa gen yon bon kondisyon lasante mantal pou n pale de twoub. Dayè, definisyon lasante mantal nan dimansyon pozitiv la pran an kont byennèt la e sanble ale pi lwen pase absans twoub la. Nouvèl apwòch lasante mantal sa a voye n dirèk nan yon modèl 2 dimansyon pou dekri eta lasante mantal la. Premye dimansyon an reprezante absans-prezans twoub mantal epi dezyèm nan dekri nivo lasante mantal la.

Kòman anviwònman ka kontribye nan bon kondisyon lasante ?

Si n ap eseye bay yon definisyon senp de anviwònman, n ap di se tout sa ki antoure nou. Kidonk tout sa ki antoure nou gen posibilite pou aji sou nou dirèkteman. Si n ap pran kalite lè n ap respire a, dlo n ap bwè, manje n ap manje yo, lòt bagay n ap itilize yo, ki tip moun nou gen nan antouraj nou… se ansanm eleman sa yo ki nan anviwònman nou ki ka enfliyanse lasante lakay nou pozitivman oubyen negativman. Yo aji sou kò a atravè vwa respiratwa, sistèm dijestif, ak ògàn sans yo. Sa ki fè nou ka di gen yon lyen ki egziste ant eta anviwònman ak lasante chak moun k ap viv ladan l, yo souvan pale de  » lasante anviwònmantal » nan ka sa.

Li toujou enpòtan pou yon moun chèche pi bon mwayen ki genyen pou rete nan bon kondisyon lasante. N ap raple w lasante a plis yon objektif ke yon eta, plizyè rezon ka esplike sa. Nan rezon sa yo nou jwenn kondisyon fizik moun nan k ap varye soti nan yon moman ak yon lòt lakay yon menm moun tou depan de aktivite li, sa li manje, tan dòmi, anviwonnman epitou kò a pa estatik, kidonk, pi bon mwayen an, se mèt kò k dwe veye kò.

#METKOKVEYEKO

Rechèch ak redaksyon: Jean Wedson Fortil

Actualité Newshttps://actualitenews.org
Voué aux grands reportages, à l’analyse et à la réflexion, Actualité News est un magazine d’affaires publiques en Haiti et l’une des grandes publications de l’information en Haiti.

Derniers articles

Related articles

2 Commentaires

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici

error: Le contenu est protégé !!