Home Archives
Monthly Archives

novembre 2022

    ASE !!!

    by Actualité News

    Chak jou ki jou, peyi m pa sispann fè bak. Soufrans lan di. N ap mande si n ap chape, si mouche lanmò ak kavalye pòlka li yo p ap kontinye tenyen souf ti tchovi ki te gen privilèj pran nesans sou ti bout tè Papa Desalin te limen chandèl libète a. Lavi nou frajil tankou asyèt pòslèn. Nou tout ap mache ak sèkèy nou anba bra nou. Si yo pa touye n ak bal osinon ak sòsèlri, se grangou ki kenbe nou nan gòj pou toufonnen nou tout.


    Grangou yo enpoze nou an pa sèlman nan vant nou. Sa ki pi rèd la se nan sèvèl anpil nan nou li tabli kò l. Avèk yon levasyon kolonyalize, lafen nan sèvèl la pi kwonik. Nou tout se etranje sou pwòp tèwa nou. Se yon levasyon ki kreye yon bann sèvèl griye ak move lide ki retire konfyans nou youn nan lòt. Steeve Brunache te bay yon bon ti son lè li te souliye se pa depi nan Ginen nèg ap trayi nèg e se pawòl pou nou rete divize. Se pa manti. Levasyon yo bay nou an kreye yon ekip blankomàn/negwofòb k ap bouske idantite yo nan yon relijyon ak espirityalite kolonyal ki anseye yon Bondye, yon sovè avèk yon dividal sen blan ki ap konbat yon satan nwa. Yo fè nou kwè satan nwa. Yo fè nou kwè zansèt nou yo te politeyis alòske liv sakre yo a nan vèsyon orijinal li di pale nan premye vèsè a de « Elohim » ki vle di « bondye yo ». Si nou remonte nan Kemet (Ejip), n ap wè zansèt afriken nou yo, nan yon sivilizasyon ki gen pase 3 000 ane anvan lepòk jideyo kretyen an, te kwè nan yon sèl kreyatè. Nou mele !


    Yonn nan erè nou fè se pa rive abòde kesyon tèm Bondye a kòm yon konsèp. Se yon tit nenpòt ki sivilizasyon ka chwazi pou deziye yon èt siprèm yo deside adore. Bondye pa non pou kreyatè a, se yon tit. Nou tout kwè nan yon dininite kèlkonk ki kapab yon denmon pou yon lòt sivilizasyon. Nou jis inyore kijan Loksidan kopye, falsifye, banalize sivilizasyon zansèt nou yo. Nou priye anpil, men Kreyatè kanpe l ap gade nou. N ap tann paradi, Kreyatè rete la ap gade nou kip a konprann dinamik kolonyal ak neyokolonyal la. Sila nou panse n ap priye a poze l ap ri nou ki neglije kondisyon materyèl ezistans ki ka amelyore ak travay. Lapriyè pa rezoud tout pwoblèm. Kanpe sou lapriyè a, ann reflechi pito. Pa kwè Kreyatè a beni w paske w ka manje yon plat diri ak yon pye poul pèpè sou li chak jou. Pa kwè w beni paske w gen viza pou w al kay blan. Pa kwè w beni paske eskadwon lanmò a poko pase pre fanmi w ; se lè a ki poko rive. Benediksyon an se nan batay pou amelyore kondisyon lavi w nan tè kòd lonbrik ou te antere a. Benediksyon se lè w ka devlope amoni ak anviwònman w, se lè w konprann nesesite pou w vibre nan chan bon enèji ki prezan nan peyi w. M pa janm kwè yo t ap pale nou de paradi y ap vann nou an si yo te kwè ladan l. Yo t ap sere l pou yo, yo t ap kontinye eksplwate nou. Yo konsantre nou sou li, y ap regle koze eksplatasyon resous minyè pou bati richès. Sovè a ap retounen vin chèche nou ki sou tè, pa vre ? Blan ki te vini ak relijyon an kòmanse ap panse pou al viv sou lòt planèt. Y opa twò rete sou paradi sovè a ap mennen yo a. Se bèl koze !
    Sa nou sot di yo kontrè ak anpil relijyon osinon espirityalite ki prezan nan peyi sit. Men, fòk gen yon moun ki soti nan lo silans lan pou mennen batay liberasyon mantal la. Relijyon p ap kite w devlope potansyèl ou genyen sou plan enèjetik ; li jis rann ou depann de yon èt siprèm ki pa fòseman se Kreyatè a. Ou ka menm pèdi enèji w nan ranfòse sistèm enèjitik lòt pèp pandan w ap kontinye nye pwòp idantite w. Gwo potanta nan sèk espirityèl yo ta dwe montre kijan espirityalite yo ap pratike yo pote bon enèji pou Ayiti. Sa ki entrige kèk nan nou ki wè klè se jan anpil kwayan ak gwo babin nan sèk espirityèl sa yo kontribye nan kraze peyi a. Politik la se yo ki sèvi entènasyonal la ak laboujwazi nan dezenterè mas pèp la. Ki peyi nou vle ? Yon peyi kote laklas dominant ap toupizi ti malere osinon yon peyi tout moun ka viv tankou moun ?


    Lekòl ak inivèsite pa bò isit se sou kontwòl kwayan (kretyen sitou) ak moun ki li nan gwo liv mistik yo li ye. Men, anplis yo bay yon pakèt moun ki pa pwodwi ankenn konesans, nou rann nou kont sèvo yo anbobine. Pa gen ankenn sans kritik. Se yon fòmasyon livrès ki anseye yon konfòmis san rival. Nou tout vle antre nan sistèm nan. Sa ki pi etonan, anpil moun ki vicktim parapò ak jan sistèm nan òganize toujou defann li san pran souf. Ala sistèm nan fò papa! Poukisa nou pa gen yon sistèm levasyon ki bay peyi a plis sèvo byen fòme. Poukisa tout sèvo krizokal sa yo? Nou vle di Ayiti pa merite sa. Nou di sistèm neyoliberal sa a se yon kouto debò k ap dyage pèp ayisyen an jouk nan kè. Nou vle di sistèm relijye ak move levasyon sa a kreye twòp antinasyonalis. Nou leve pou di non.


    Sosyete entènasyonal la ki sou lobedyans blan meriken, laboujwaji ak politisyen trèt fè pitit nou yo, pitit Papa Desalin yo ap soufri anba kout bal, grangou, vyolans seksyèl, kidnapin, elatriye. Jounen jodi, jenès la lage de bwa balanse ak yon levasyon pèpè. Nan vwa BIC, nou ta di di jou kou l ye, ti fifi ap kouche pou plat manje. Yo pa vle sa chanje. Poukisa jenn fanm ak jenn gason blije nan pandje pou plat manje ? Poukisa klas mwayèn nan dekapitalize ? Ki plan sosyete entènasyonal, laklas dominant ak politisyen yo genyen pou peyi a ? Poukisa, jou kou l ye, jenn tankou granmoun an tranzit sou tè libète a ?


    Nou ta ka poze yon pakèt kesyon, men n ap fè yon kanpe la. Nou kanpe pou nou di w yon koze ki pi pratik. Si m mouri, n a va sonje m te di pawòl m pral di la yo. Pou nou sove Ayiti, nou dwe konn sa nou yo. Pou nou konn sa nou ye, fòk nou retounen nan rasin nou. Nan vwayaj pou n al nan rasin nou an,n ap konprann nesesite pou n venere memwa zansèt nou yo. Si nou rive venere memwa zansèt yo, yo va moutre nou chemen k ap mennen nou nan chanjman an. Se konsa n a va sezi wè delivrans nou ap soti nan yon divòs ak relijyon, espirityalite ki bati sistèm kwayans pwisans kolonyalis/enperyalis yo. Se sa k ap ka fè yon jou, nou gen yon chan enèjitik ki rele nou pa nou. Se la delivrans lan va soti. Se lè sa a nou tout va gade lènmi nou yo dwat nan je pou nou di yo nou fout bouke nan yon sèl vwa. Nanm pèp ayisyen an va di : « Ase ».


    Ochan pou Jean Jacques DESSALINES ak tout zansèt yo !
    Ochan pou tout moun ki mouri nan batay pou remete Ayiti kanpe yo !
    Ochan pou Joseph JOLIBOIS FILS, Pierre SULLY, Charlemagne PERALTE !



    Givelt VILMEUS
    giveltvilmeus93@gmail.com

    0 comment
    3 FacebookTwitterWhatsappTelegram
Newer Posts

Actualité News

Voué aux grands reportages, à l’analyse et à la réflexion, Actualité News est un magazine d’affaires publiques en Haiti et l’une des grandes publication en Haïti.

Infolettre

Subscribe my Newsletter for new blog posts, tips & new photos. Let's stay updated!

Dernières Nouvelles

@2020 – All Right Reserved. Designed and Developed by INTNU

Ce site utilise des cookies pour améliorer votre expérience. Nous supposerons que vous êtes d'accord avec cela, mais vous pouvez vous désinscrire si vous le souhaitez. Accepter